Kanaval (Live)-文本歌词

Kanaval (Live)-文本歌词

MAS Vocal&Cindy Ellis
发行日期:

Leve, leve, leve li jou... jodia se kanaval!

An n rasanble, an n selebre...

Souke tchatcha, danse Rara...

Leve, leve, leve li jou... jodia se kanaval!

Timoun yo degize, granmoun yo eksite,

Madigra, chaloska ap defile,

Ala yon bèl epòk,

Moun anwo, moun anba fè yon sèl...

Se kanaval! Kanaval la rive!

Avanse... pa frape! Pa pouse!

Sote, ponpe jan ou vle,

Kale dada w, danse jan w vle... Se kanaval!

Mezanmi pa gen manti nan sa, se fete n ap fete,

Mereng yo byen chofe, gade kijan n kontan!

Mezanmi pa gen manti nan sa, se fete n ap fete,

Tout moun ap banboche, gade kijan n kontan!

Timoun yo degize, granmoun yo eksite,

Madigra, chaloska ap defile... Se kanaval!

Mete de men anlè! (ou-we!)

Mete drapo anlè!

Mete mouchwa anlè!

Kanaval la rive!

Chak ane s on randevou,

Twa jou lanmou, twa jou lajwa.

Chak ane s on bèl plezi,

Se yon bèl fèt nan Peyi d’Ayiti.

Men nan men san prejije,

Se konsa pou nou fete.

Men nan men san prejije,

Se konsa n a va rive. (zimboyo!)

Yon ti bese, tout moun f on ti bese!

Yon ti monte, tout moun f on ti monte!

Kanaval Ayiti... se la pou w la!

Ka-ka-ka-ka-Kanaval Ayiti... pa di betiz!

Kanaval... ou paka pa la! Se la pou w la!